Plis pase 15 mil timoun brezilyen deja travèse Daryen pou ale Ozetazini
Yo fè fas ak pasaj sa nan mitan forè ant Kolonbi ak Panama ansanm ak paran yo, pifò nan yo se ayisyen kitap viv Brezil, e kitap viv sitiyasyon de abandon ak lanmò
Yo fè fas ak pasaj sa nan mitan forè ant Kolonbi ak Panama ansanm ak paran yo, pifò nan yo se ayisyen kitap viv Brezil, e kitap viv sitiyasyon de abandon ak lanmò
“Brezil?” nou mande imigran kite ansanm ak timoun piti yo. Ekspresyon yo te epwize,men chans pou yon vag pozitif plen ak souri sou vizaj yo te wo anpil. Yo se ayisyen kite imigre nan ane 2010 yo, aprè yon gwo tranbleman tè nan menm ane sa, yo te konstwi fanmiy yo e te genyen pitit brezilyen.Anpil nan yo jodi a wè tèt yo san espwa epi yap chèchè yon wout pou mennen yo Ozetazini nan wout Daryen an, sa nou rele “wout lanmò a”.
Nan teritwa inospitalye sa ant Kolonbi ak Panama-kontwole yon bò, pa tafikan dwòg e yon lòt bò, pa gwoup endijèn,anrejistre jodi a kòm wout de pi gwo kriz migratwa Amerik yo.
Chak jou, plis passe mil moun, an mwayèn reyisi pasaj danje sa.Pami yo, anpil timoun ak adolesan brezilyen.Depi 2020, plis pase 15,7 mil, majorite nan yo se pitit ayisyen,kite reyisi travèse forè tropical toufe sa, nan yon wout estime a prèske 100 km a pye.Kontaj ofisyèl la pa sèten.
Pa gen okenn koneksyon wout ki lye Amerik di Sid ak Amerik Santral, kòm gran wout Pan-Ameriken an entèwonp jisteman pa Daryen.Pifò nan imigran yo abitye rive atravè rivyè Tuqueza epi debake nan Piráguas, nan ti kannòt ki gen kapasite pou pote an mwayèn 15 moun ki rive chak jou nan lokalite endijèn yo.
Pa gen moun ki rive konnen kantite moun ki pèdi lavi yo nan wout la.
Andan yon koridò etwat ant konstriksyon an bwa trè frajil nan kominote de Bajo Chiquito,yon rejyon moun Emberá-Wounaan,ti gason Fiedimio,3 zan,mete yon chemiz ak koulè Brezil.Li se natif natal nan Minas Gerais,li se pitit ayisyen kite rete pandan 7 ane nan Araguari, yon minisipalite vwazen ak Oubèlandya.
Nan Madi maten sa a,pandan yon sezon sèch anba yon tamperati ki pi wo pase 35°C,li te nan bwa manmanl,fatige, ap tann tès depistaj sèvis fwontyè Panama ,Sanafront. Bajo Chiquito se yonn nan premye pwen imigran yo passe aprè yo fin travèse forè a.Sete 3 jou ak 3 nwit andan forè a.
“Brezil se pi bon peyi pou moun viv. Sèl pwoblèm se salè a. Mwen bezwen fè plis lajan pou m ede fanmi m ki Pòtoprens”, deklare papa a Fiednir Demosthen, bò kote frè li, Michelt, premye nan fanmi an ki te rive Brezil, sa gen dizan, epi tou papa yon ti gason brezilyen ki gen 5 an. “Yon jou mwen vle retounen Brezil, achte yon kay epi rete”, deklare Fiednir.
Omwen 15,7% PIB(Pwodwi Enteryè Brit) Ayiti konpoze ak anvwa de lajan ki soti nan dyaspora a, daprè BID (Bank Entè-Ameriken Devlopman), nan Brezil, li reprezante sèlman 0,2% nan PIB a.
Mwens pase 24 èdtan aprè, a kèk kilomèt de kote fanmi Fiednir te ye a, Mackenson, 31 lane, tap karese dènye ti pitit li a, brezilyen Guerlens 7 mwa, atache nan pwatrin papa l nan yon sak bebe. Akote li, madanm li Roudeline, 27 lane, ak parèy li brezilyen Leonardo, 3 lane, ki gen kòm premye lang li Pòtigè. “Men, li sanble pat vle pale. Lite yon ti kras fache, fatige ", deklare papa li.
Nan yon liy ak plizyè santèn lòt imigran, pifò soti nan Amerik Latin nan, paran ayisyen kitap viv Brezil pandan 9 lane,yo te bò kote Rivyè Tuqueza. Yo t ap tann piráguas ki, pou 25 dola ameriken (anviwon 125 R$), mennen moun ki apèn rive yo nan Estasyon Resepsyon Migrasyon Lajas Blancas. La, nap pale de yon tè prive yo te bay gouvènman panameyen an pou loje imigran yo pou tann nouvo vwayaj yo.
Mackenson te gen ase kòb pou li te ale ak fanmi l. Men, bò kote l ', plizyè douzèn lòt te chita atè a sou wòch, pafwa ap soufri ak blesi enflije nan forè a, ap rele byen fò pou kèk pirat ta aksepte ale ak yo gratis. Lajan yo te fini osinon ti gwoup gang kap opere nan forè Panama te volè yo.
“Sa ki fè nou vini isit la se lajan an,” di Mackenson, ki tap travay nan konstriksyon sivil nan zòn lès São Paulo. “O Brezil, mwen te gen kay mwen, machin mwen, mwen te konstwi lavi m. Men, ak yon salè R$ 1,500, mwen pa ka voye US $ 100 (R$ 500) bay paran mwen. Li tris pou nou oblije defèt tout sa yo”.
Fanmi an te sou 15yèm jou konsekitif yo nan vwayaj la pou antre Daryen. Yo te kite tèminal otobis Barra Funda, nan São Paulo, epi yo te ale nan Corumbá (MS), sou fwontyè ak Bolivi. Yo travèse bò Bolivi a e yo kontinye pa vwa tèrès, toujou nan bis, jiskaske yo rive Kolonbi.
La, yo te oblije peye US$350 (R$1,750) pou chak moun bay Clã do Golfo a, yon katèl trafik dwòg ki kontwole pòsyon Kolonbyen an nan Daryen, pou yo ka antre nan forè a, kote yo te pase twa jou. “Mwen vrèman regrèt mwen vini isit la. Se te yon vrè lanfè,” di Mackenson. Malgre sa, mwen te deja deside pouswiv “Rèv Ameriken an”, yon tèm ki vrèman komen nan Daryen .Dezespwa pou kapab sipòte fanmi yo ak move enfòmasyon sou kondisyon ostil yo nan Daryen eksplike an pati poukisa vag migratwa a pa sispann.
A yon distans de 25 kilomèt sou vwa tèrès soti nan Bajo Chiquito- oswa omwen senk èdtan avèk Pirágua, nan yon epòk nan ane a kote nivo larivyè ki ba fè navigasyon difisil, David, 42 lane tap chèche yon ti espas ak yon minimòm briz bò yon ti tant ke li pataje ak fanmil nan sezon kawotik Lajas Blancas la.
Kèk jou de sa, li te Manaus, kote li tap achte fwi ak farin manyòk nan yon mache epi revann yo nan lari a. Li eseye ede manman l ki aje ki rete ann Ayiti epi elve twa pitit li yo, Brezilyen Joseph Mathias, 13 lane, Rebeca, 4 lane, ak Débora, ki gen 1lane ak 9 mwa.
“Salè a pa ase. Lè mwen tap vann fwi, mwen te konn touche R$ 2,500 a R$ 3,000 pa mwa. Men avèk twa timoun ak yon madanm ki pa tap travay, sa pat mache”, afime David. Menm jan ak pi fò nan lòt ki abrite nan Lajas Blancas, li rapòte malèz nan entesten aprè li fin bwè ak manje nan espas la. Gen twòp moun, estasyon migratwa a te loje anviwon 1,260 moun jou sa a.
David di ke li pa gen kondisyon poul peye tikè otobis la- 40 dola ameriken (200 R$) pou chak moun ki travèse Panama atravè Pan-Ameriken na pou rive nan fwontyè ak Costa Rica.
Sa gen jis plis pase yon ane, lavèy kanaval brezilyen an, yon aksidan ak youn nan machin sa yo te touye 2 timoun brezilyen nan pwovens Chiriquí, prèske 700 kilomèt de Daryen: ti fi Milena, 2 zan, ak ti bebe Biden Victor, 6 mwa.
Timoun yo te fè pati yon gwoup plis pase dis ayisyen ki te kite Navegantes (SC). 8 nan yo, kite gen ladan yo Milena, se te fanmi chofè Uber Samuel Emilé, ki fèt nan Pòtoprens e kitap viv o Brezil depi 2013. Nan aksidan an, li te tou pèdi frè l Julio, 38 lane, ak sè l Gisleine, 42 lane.
Atravè mesaj, fanmi an te kominike ak Samyèl ki pa t vle emigre ankò. Desizyon pou ale USA te vini apre yo te revoke Julio san rezon e li te komanse ap pase moman difisil. “Nan aswè pou ouvri demen, mwen te sispann resevwa mesaj yo. Se konsa, mwen te ale chèche nouvèl yo epi mwen dekouvri nouvèl sou aksidan an”.
Samyèl te deside ale Panama pou lal chèche fanmi li yo ki te siviv, men yo te deside kontinye. “Sa ki fè m pi mal se ke, lè m te rive, yo te deja antere yo nan yon kavo komen, tankou chen.”
Byen lwen forè a, yon lòt sivivan timoun brezilyen nan Daryen pase anfans li nan katye periferik kapital Panama City a. Se tifi sa, Delícia Chama, 7 lane. “Delícia” seta sèl mo li te di, anplis de “manman”, lè yo te jwenn li pou kont li nan raje a, nan fen ane 2019 la.
Yo pa konnen si ti fi sa, ki te rive san dokiman, ke yo te evalye laj li apati de yon egzamen dantè, te abandone nan raje a oswa pèdi manman l ‘pandan travèse a. Ti souvni li yo te pèmèt li konekte ak eta Acre, kote li te ta sanble grandi, men yo pa te jwenn okenn fanmil.
Delícia fèk natiralize kòm yon Panamayèn ak yon non li menm li chwazi men nou pap revele nan rapò sa a pou ka proteje li. An menm tan , yo te tou metel kòm adopsyon.
Nan menm kote a te gen 2 lòt ti bebe brezilyen, ki yo menm tou se pèsonaj kriz migratwa an. Nan fen ane 2023, nan yon kowensidans ki te etone sèvis timoun yo, 2 tifi yo, yonn pitit fi paran ayisyen, yon lòt de paran Angolè, rive nan menm jou san fanmi yo nan Bajo Chiquito, nan bra ayisyen ki di yo te jwenn yo nan forè a poukont yo.
Nan ka ti pitit fi paran Angolè yo, ki gen anviwon 1lane, nan espektativ diplomasi brezilyèn nan se te reyini l pivit ke posib ak manman l’, ki ap viv São Paulo. Se papa biyolojik li kite rive deplase avèl kite peyi a san otorizasyon manmanl.
Dapre Unicef, òganis Nasyon Zini pou timoun, omwen 3,300 minè te rive travèse forè Daryen an pou kont yo nan 2023 - nan moun sa yo, gen ladan yo moun ki gen paran yo toujou nan forè a epi ki pral byento reyini ak timoun yo ki te abandone oswa kite pèdi fanmi yo nan forè a.
Sa a se twa fwa kantite kite anrejistre nan 2020 (1,079) ak apeprè 50 fwa sa yo te obsève nan 2019 (65), apati de lè Unicef te kòmanse fè siveyans. Nan plis pase 520,000 imigran ki te travèse forè lanmò a an 2023, omwen 22% te minè.
“Chak jou nou idantifye 15 a 18 timoun ki pa akonpaye oswa separe ak paran yo,” di Margarita Sánchez, chèf biwo Unicef nan Daryen, nan vil Metetí, bò kote otowout Pan-Ameriken an.
“Anpil rapòte ke yo pa te janm vle pati, men paran yo pat janm tande yo. Men, yo gen yon santiman espwa, yo vle rive nan yon kote epi yo kapab etidye, repran lavi yo.”
Tradiksyon na kreyòl ayisyen: Wisnel Joseph (Doktoran nan Amenajman ak Jesyon Teritoryal nan Inivèsite Federal ABC)